
Chanje kwayans, chanje lavi
Dènyeman, mwen chita, map reyalize ke mwen pase prèske diznèf lane ap viv sou yon zile, nan yon vil bò lanmè, e ke mwen pa konn naje, ni okenn moun nan fanmi mwen tou.
Se lè sa m ap di tèt mwen ke sa pa nòmal. Kijan sa posib? Ki rezon ki fè sa? Sak pi mal la mwen konn anpil moun nan antouraj mwen ki pa konn naje tou. Menm nan yon ma dlo, y ap neye.
Kesyon an telman toumante M ke mwen, mande pwôch mwen yo avi yo sou sa. Majorite ladan yo di ke yo pè dlo. Kom mwen se yon ti landeng, e ke depi kèk tan mwen enterese nan sosyoloji, mwen di tèt mwen: “Banm menen ankèt, e reflechi sou lide yo te konn pataje lè m te piti sou zafè dlo a.”
Nan chèche konnen, mwen remake yon pwen komen ki rele “laperèz”.
Anpil moun grandi avèk pè pou yo konn dlo paske yo fè yo konnen ke dlo reprezante yon danje:
- paske yo ka noyé,
- paske mét dlo ka manje yo
Sa fè majorite moun, menm si yo gen anvi aprann, kite move kwayans sa yo enfliyanse yo.
Mwen remake kote move kwayans sa ka mennen nou lè mwen rive nan lòt peyi, e ke mwen wè timoun ki ap aprann naje depi piti nan zòn ki pa menm gen lanmè. Mwen di: “Wè monchè, nou bon pou pri a.”
Poukisa mwen ap pale de sijè sa?
M ap pale sou kesyon naje a pou m ka evoke kijan nan kominote nou an, yo fè nou pè anpil bagay.
Ou paka fé si ou paka fé sa, sa pa bon pou fè, si w fè sa, y ap bat ou, elatriye...
Nou grandi avèk anpil krent lakay nou. Nou pa fè yon seri de bagay, pa paske nou pa vle, ni paske nou respèktye , men paske nou pè. Pè pou yo pa jije nou, Pè pou yo pa bat nou, Pè pou nou pase pou move moun, Pè pou yo pa aksepte nou...
Rezilta?
Nou vin granmoun avèk anpil vye kwayans ki fé nou manke otantisite lakay nou , nou pa viv sa nou vrèman vle. Eske nou janm mande tèt nou: ki dènye fwa nou pran yon desizyon pou lavi nou san nou pa pè pou lòt moun pa jije nou?
Kijan ou konprann ke pi bon fason yon paran ka edike pitit li se fè l pè?
Pa okipe w makomè, Ti Joslin pèm tankou chat...
Ann serye, ki relasyon ki ka fèt avèk yon moun ki enstale lapèrèz lakay ou? Menm zansèt nou yo te di non. non, sèlman ak esklavaj, men ak santiman lapèrèz sa kolon yo te enstale nan yo pou maltrete yo.
Kidonk na konprann kounya ke nou paka pase vi nou konsa.
Bam pwofite pataje kèk Konsèkans ke lapèrèz kapab genyen:
Anksyete ak depresyon: Pè ki dire lontan kapab lakoz yon moun santi l izole, dekouraje, oswa nan yon eta depresif.
Fòs limite pou pran desizyon: Moun ki gen anpil lapèrèz ka pè pran risk oswa pran desizyon ki enpòtan pou avanse nan lavi.
Pèt konfyans nan tèt ou: Pè ka fè yon moun kwè li pa ase bon oswa pa gen kapasite pou fè chanjman.
Rete nan yon sitiyasyon ki pa bon: Pè ka fè moun rete nan yon sitiyasyon ki pa satisfè, tankou yon move travay , yon relasyon toksik, oswa yon anviwònman ki pa pwogrese.
Mwen konnen si nou pran tan pou reflechi, n ap jwenn anpil bagay nou te toujou reve fè, men ke nou pa janm fè akoz pè. Li pa twò ta pou nou chanje kwayans ki anpeche nou avanse. Mwen konnen sa pap fasil, men eseye. Pi bon bagay ou kapab fè pou demaske lapèrèz se fè fas avè l.
Yonn dènye pawòl avan m ale
M pa konn si dlo a gen mèt vre, men, mesye dam avan li reklame l al aprann naje.