Anvan solèy libète a te leve sou tè zansèt nou yo, yo t pase peripesi. Se te anba jouk esklavaj, anba fwèt kolon, anba chenn mizè ak imilyasyon pèp la t ap trennen lavi l. Se te yon tan kote pitit tè sa a pa t mèt kò yo, pa t mèt swe yo, menm dwa pou yo viv tankou moun te sanble yon rèv ki byen lwen. Men, nan fon kè chak pitit Lafrik ki te debake sou tè D’Ayiti, te gen yon flanm ki pa t janm tenyen: flanm diyite, flanm revòlt ak swaf libète. Yo te ka mare men yo,men yo pa t ka mete baboukèt sou konsyans yo.
Se konsa listwa te pran yon lòt chimen nan mitan lannuit 14 dawout 1791, lè nan bwa Kayiman, yon lespri rezistans te pran chè. Depi lè sa a, san zansèt yo te koule nan plizyè konba: nan batay kont sistèm esklavaj la, nan viktwa kont lame kolonyal yo, nan rezistans kont ekspedisyon Napoléon Bonaparte te voye vin kraze rèv libète a. Sòti nan Tousen Louvèti rive nan Jan Jak Desalin, soti nan San Sousi rive nan Kafou, chak konba te pote mak yon pèp ki te pito kanpe debou pase viv ajenou. Se pa t yon senp lagè pou tè, se te yon batay pou diyite moun.
Konsa, 18 novanm 1803 rive, nan plèn Vètyè, kote listwa te deside ekri youn nan pi bèl paj kouraj li. Se kote sa menm lame endijèn , anba kòmandman jeneral Jan Jak Desalin, ak lòt chèf vanyan tankou Kapwa Lamò, te kanpe djanm devan fòs lame fransè yo. Bal t ap chante,kanon t ap gwonde, tè a t ap tranble anba pye konbatan yo; men yo pa t fè bak. Vètyè pa t sèlman yon chan batay, se te yon temwayaj sakrifis, yon sèman san pawòl, yon dènye kout mato sou pòt esklavaj la. Viktwa sa a te louvri chimen pou pwoklamasyon endepandans d’Ayiti, premye janvye 1804.

Men, apre tout san sa yo te koule, apre tout tèt sa yo te tonbe, apre tout sakrifis sa yo te fèt, ki kote nou rive jounen jodi a? Èske nou ka pale de libète toujou ? Elas, Peyi zansèt yo te rache anba grif kolon an ap kontinye soufri anba divizyon, enstabilite, lamizè, ensekirite ak mank solidarite. Nou eritye yon drapo ki gen koulè viktwa, men pafwa nou bliye valè sèman ki te fè l leve. Nou chante chan nasyonal la, men èske nou toujou viv dapre lespri li? Nou rele tèt nou pitit Desalin, men èske nan aksyon nou, nan fason nou trete pwochen nou, nan jan nou sèvi peyi a, nou montre nou merite eritaj sa a? Si ou se ayisyen, ou pote Non ak san Desalin , jounen jodi a 18 novanm pa dwe rete yon dat nou sonje sèlman lè tanbou ap bat, lè drapo ap flote, lè diskou ap woule sou bouch nou. Se pou li tounen yon miwa kote chak Ayisyen ka gade tèt li. Yon limyè ki klere konsyans nou.
Yon apèl pou nou reprann chimen travay, konesans, inite, jistis ak patriyotis. Zansèt nou yo t bannou libète pou nou viv tankou moun; se devwa nou pou nou fè peyi sa a tounen yon peyi kote moun ka viv ak lapè epi diyite. Paske yon pèp ki bliye pase li pèdi rasin li, yon pèp ki meprize eritaj li pèdi direksyon li. 18 novanm se pa sèlman yon dat nan kalandriye: se yon istwa san, yon eritaj kouraj, yon obligasyon pou jenerasyon jodi a ak demen!
Ayiti se tè zansèt nou yo, Ayiti se pou nou - Yon Ayiti miyò nou mande !!!






