LogoDe vous à moi

0% done

Inifòm lekòl : yon senbòl ki merite plis respè menm jan ak nan tan pase yo
John Riscard John Riscard RENÉ
26 juin 26
time3 mins
Actualités

Inifòm lekòl : yon senbòl ki merite plis respè menm jan ak nan tan pase yo

Inifòm lekòl pa sèlman yon rad yon elèv mete pou ale lekol. Li se yon siy ki reprezante yon enstitisyon, yon kominote edikatif, ansanm ak valè disiplin, respè ak responsabilite lekòl la vle transmèt bay elèv li yo.Lè yon moun pote yon inifòm, li pa reprezante tèt li sèlman; li reprezante tou lekòl li ak imaj enstitisyon sa devan sosyete a.

Nan tan lontan, inifòm te gen yon valè espesyal nan je elèv yo ak paran yo. Anpil timoun te konnen  gen konpòtman yo pa t dwe adopte pandan yo te abiye ak inifòm lekòl yo. Yo te evite patisipe nan zak ki te ka sal repitasyon lekòl yo, paske yo te konprann ke chak aksyon yo te poze te kapab gen konsekans sou  imaj enstitisyon ke  yo ladanl lan.

Jounen jodi a, menm kant gen gwo devlopman teknoloji ak ekspansyon rezo sosyal yo, reyalite  a sanble chanje anpil. TikTok, Facebook, Instagram ak lòt platfom yo vin kreye yon nouvo espas kote anpil jèn  ap eksprime tèt yo. Malerezman, gen kèk elèv ki bliye limit ki ta dwe egziste ant libète pèsonèl yo ak responsabilité yo genyen anvè lekòl yo pandan yo ap pote  inifòm nan.

Nou jounen jodi a, pi plis chak jou videyo kote elèv ap   tout kalite demonstrasyon, dans oswa  lòt konpòtman ki pa toujou an amoni ak valè edikasyon yo, pandan yo abiye ak inifòm lekòl yo. Fenomèn sa a pa konsène sèlman yon kategori , li touche elèv primè, segondè ak menm etidyan inivèsite. Sa ki te konn parèt kom yon eksepsyon vin prèske tounen yon abitid nòmal nan kèk kote.

Sityasyon sa pousen poze kèk kesyon : Paran yo, dirijan lekol, ak dirijan etatik yo, nou pa frekante rezo yo ? Je nou pa rive jiske la ? Oubyen nou rele sa yo libète pèsonèl ? Kesyon sa yo sanble jwenn repons yo pou nou di : anpil paran, anpil nan responsab lekòl yo sou rezo a yo  menm tou, men silans lan kontinye paske valè sa yo ta sanse manke gou pou anpil nan nou.

Sitiyasyon sa a mande refleksyon ak aksyon. Lekòl yo gen yon misyon ki depase transmisyon konesans;yo dwe fòme sitwayen responsab tou. Se poutèt sa li enpòtan pou responsab lekòl yo, paran yo ak elèv yo travay ansanm pou raple siyifikasyon ak valè inifòm nan. Lè yon inifòm pèdi prestij li, se yon pati nan otorite ak kredibilite enstitisyon an ki afebli tou.

Malgre defi yo, genyen toujou kèk lekòl ki kontinye lite pou prezève disiplin, etik ak bon jan konpòtman pami elèv yo. Efò sa yo merite sipò ak ankourajman. Lekòl sa yo konprann ke pwoteksyon imaj yon enstitisyon pa fèt sèlman nan sal klas la, men tou nan fason elèv yo reprezante li nan lavi chak jou ak sou rezo sosyal yo.

Se pou atik sa a sèvi kòm yon apèl pou tout moun ki konsène ak edikasyon. Ann aprann bay inifòm lekòl la respè li merite. Ann sonje ke chak fwa yon elèv mete inifòm li, li vin tounen yon anbasadè lekòl li. Konsa,pwoteje prestij inifòm nan se pwoteje prestij edikasyon an menm.

Favoris
like0
Commentaires
Comment0
Commentaires
CommentPas de commentaire pour l’instant.
Récits choisis pour vous