LogoDe vous à moi

0% done

Lè lakay tounen souvni pou anpil fanmi ayisyen
John Riscard John Riscard RENÉ
19 mai 26
time4 mins
Actualités

Lè lakay tounen souvni pou anpil fanmi ayisyen

Nan plizyè katye nan PÒTOPRENS, lavi anpil fanmi chanje nan yon bat je. Sa ki te sanble ak yon lavi nòmal, vire tèt anba san okenn avètisman. Ou sezi, paske m di sa ki te sanble lavi nòmal? Ebyen se paske l pat janm nòmal vre. Nan mitan bri bal ak laperèz, anpil moun oblije kite kay yo pou chèche sekirite yon lòt kote.

Gen fanmi ki leve yon maten oswa yon swa, epi yo pa gen okenn lòt chwa pase kouri kite tout sa yo te bati pandan plizyè lane. San yo pa gen nan tèt yo yon kote estab yo prale. Yo kite mèb, rad, dokiman enpòtan, e pafwa menm ti biznis ki te ede yo viv. Kay kote kè kontan t blayi, tounen yon lakou Zèb souvni ak tristès.

Pou anpil paran, pi gwo doulè a se wè timoun yo ap viv nan ensekirite e san okenn estim. Yon lòt bò, gen timoun ki pat menm gen chans kouri fè menm kote ak paran yo. Timoun sa yo vinn lage tankou piti mi san gadò; yo menm pèdi dwa yo kòm moun. Paske genyen yo vyole, genyen yo fè pwopozisyon endesant. San konte, gen timoun ki pa ka ale lekòl ankò, paske fanmi yo oblije deplase soti nan yon katye pou ale nan yon lòt. Lavi yo vinn chaje ak kestyon ak enkyetid sou demen.

Souvan, fanmi sa yo jwenn refij bò kote yon pwòch yo, zanmi oswa nan espas kote kondisyon yo pa fasil. Genyen se nan yon ti chanm kay yo oblije dòmi ak plizyè moun, pou yo kapab omwen jwen yon fason pou rekòmanse lavi yo ankò. Men, se pa ekzèsis ki fasil ditou. Paske nou tout konnen kijan rekòmanse difisil, li makonnen ak yon makout ki chaje peripesi. Ou ta di lavi an Ayiti fini?  Se kesyon nou poze, men anpil repons ka bay ak kè sere sou koze a menm si nou pa mèt sakap vini.

Seri zak sa yo reyèl e li enpòtan poun atire atansyon nou sou yo. Se yon sityasyon ki konsène nou tout. Paske si se pa fanmi se tou pre w. zak brigandaj sa yo pa san konsekans. Gen menm yon manman ki t ap viv Pòtoprens ak kat pitit li san papa, bandi te mete l deyò ansanm ak timoun yo. Pandan plizyè jou yo te oblije dòmi anba syèl la, san okenn kote pou yo pwoteje tèt yo. Manman an te pran tout responsablite a pou li pran lari mande moun èd pou li te ka soutni timoun yo. Lè li te resi jwenn mwayen pou retounen nan peyi li, se te tankou yon delivrans; men soufrans yo toujou la, paske apre tout pèt sa yo lavi chè ak mank okipasyon toujou vle mete pye sou kou yo.

Malgre tout difikilte sa yo, solidarite toujou parèt nan mitan pèp la. Gen moun ki pataje manje yo, lòt bay yon ti espas pou moun pase nwit. Ti jès sa yo fè anpil fanmi jwenn fòs pou kontinye kenbe. Plizyè nan fanmi sa yo jounen jodi a pase pou mandyan sou rezo sosyo yo, elas se ak dlo nan je yo pa sispann mande yon chans pou yo viv sèlman. Yo sanble san lespwa , tout konfyans yo te gen sou demen sanble disparèt.   

Pou anpil moun, kay pa sèlman kat mi ak yon do kay. Kay se kote yo grandi, kote yo sonje fanmi yo, kote yo te santi yo an sekirite e kote yo pase plis tan. Lè yo oblije kite l, se tankou yo kite yon pati nan lavi yo dèyè. Pèdi kouray yo ak tout sa yo te konstwi. Men, menm nan mitan doulè ak ensètitid, anpil fanmi ayisyen kontinye kenbe espwa. Yo kwè yon jou lapè ap retounen, e timoun yo ap kapab viv nan yon peyi kote yo pa bezwen kouri kite lakay yo ankò. Lespwa sa nou vle li tounen reyalite.

Paske viv nan kè sote ak lamizè se kòm si nou mouri deja. Espwa sa a se fòs ki pèmèt anpil moun leve chak maten. Menm lè lavi vinn difisil, kouraj ak detèminasyon pèp ayisyen an toujou kontinye klere. Viv yon vi nan lespwa se reve yon Ayiti tou nèf. Yon Ayiti kote tout moun ap viv nan lapè ak dinyite. Lespwa sa pa dwe janm tenyen, paske lespwa fè viv !

Favoris
like0
Commentaires
Comment0
Commentaires
CommentPas de commentaire pour l’instant.
Récits choisis pour vous