LogoDe vous à moi

0% done

Sante mantal gason : you sijè ki merite plis pale ak sansibilize
MessaraMessara Ezenard
30 juin 26
time5 mins
Style de vie

Sante mantal gason : you sijè ki merite plis pale ak sansibilize

Pa pita ke semèn pase, mwen tap pale ak yon pch mwen, ki se you gason, sou kòman fanm gen anpil chay ak responsabilité pou yo poté, épi li di M : `` Mwen konsyan de sa men nou menm gason nou genyen chay pa nou tou, nou pa toujou fò jan nou panse a. Gendelè nou santi nou pa vanyan. `` Repons li te fèm anvi pale plis sou sijè a e montre kòman yo viv moman sa yo e ki enpak sa genyen sou lavi yo.

Pale de sante mantal pat janm yon abitid, sitou nan kominote nou. Anpil nan nou grandi ak kwayans kote you mounn pale de sante mantal nou toujou panse ke lap pale de moun tèt pa dwat. Konsepsyon sa vinn anpil moun, gason kou fi, moral yo bese prefere kenbel pou yo e soufri an silans. Byenke anpil pwogrè fèt sou sijè a, sa pa anpeche ke plis ane ap passe se plis nap konstate ke kote pa gason yo sitiyasyon an agrave. antouraj yo panse ke yo byen, bò kote pa yo, anpil nan yo ap depafini e menm konn rive touye tèt yo. Daprè OMS (Oganizasyon mondyal sante) yo reprezante 66 -75 % ka swisid nan mond lan.

Kisa petèt ki konn lakoz ?

Anpil bagay kon aji sou moral yon gason : sityasyon ekonomik li ki pa stab, presyon pou l pwogrè, echèk ke li pran, travay ke li pa genyen oubyen li pèdi, desespsyon nan lanmoun, twoma ke li  ap trennen depil piti, rejè, santiman abandon  ak enkonpreyasyon ect. Si medanm yo yo gen yon pwoblèm yo pale, gen anpil nan gason yo menm silans. Yon silans ki lou, men ki chage ak detrès. Se pou rezon sa ki yo rele sante mantal gason : **épidémie silencieuse ** paske li pa bri, men li anpil dega andan

Depi le mond egziste kelkeswa gason an kit li te gran oubyen kout, mens oubyen gwo ponyèt, nwa ou blan, nan zye antouraj yo, li la poul pwoteje . Nan zye sosyete a menm, li se senbòl andirans e jeneralman yo pa atann ke li gen emosyon kap travèse l. Yo menm ale pi lwen pou yo di: ``gason pa konn kriye``. Komsi si li di sal santi, sa retire nan mounitel kòm gason.

Kèk temwanyaj

**Anpil fwa presyon an kon t lou pou mwen, m konn jis beswen pale ak yon moun, men lèm sonje sa yo ka panse de mwen, m prefere silans, swa m gade yon match poum panse ak lòt bagay oubyen mwen yon aktivite fizik ** Junior

** Mwen panse ke sa ki rann li pi difisil pou gason pale yo pa byen, se paske natirèlman nou fèt pou nou sipòte sa nou resanti e sa ki nou mal. Menm si nou ta konfye nou bay you moun,nou toujou reyaksyon l oubyen jijman l. Depi lontan, li te mèt nan labib oubyen nan sosyete a, gason sinifi, fòs, pwoteksyon ,lidèship e jeneralman, ni gason an oubyen sosyete a pa atann ke li ka febli **Richard

Temwanyaj sa yo montre kòman anpil gason viv moman sa yo e koman sosyete a patisipe nan izolasyon yo. Yon défi ke yo genyen  yap travèse yon move moman se rive rekonèt ke yo pa byen e chèche èd yon pwofesyonèl pou yo ale mye. Menm si yo ta remake ke emosyonèlman yo pa stab, yo pa vle mete yo nan yon pozisyon pou yo asepte saAtitid sa vinn renfòse risk pou yo tonbe nan gwo depresyon e pou gen anpil difikilte pou yo geri.

Se pa pou san rezon ki fè nan anpil peyi kèk oganizasyon an kolaborasyon ak gouvèneman yo deside konsakre mwa jen an pou sansibilize sou sante mantal gason. Objektif yo vize se rive dechouke stigmatizasyon ak maskilinite toksik. konbat izolman silansye sa epi anpeche kriz grav yo.

Yon gason, anvan l li jwe ak responsabilite ke li genyen, se avan tou yon moun ki gen san kap koule nan venn li e ki gen emosyon kap travèsel. Tankou tout mounn, li gendwa pou li pa byen fizkman e moralman. Li gen dwa pou li kriye si sa lap viv yo t lou pou li e li gen dwa tou pou li konfye l san yo pa jije l e kritike l. Menm jan nou malad nan kò nou, nou chèche wout lopital oubyen eseye laswenyay lespri a pa anfom, li mérite menm atansyon an tou. Si kò an sante epi lespri a pa an sante lap difisil pou nou fonksyone byen nan kotidyen nou .

Kèk konsèy

Si ou menm gason ou ta remake ke sante mantal ou pa finn anfòm ou ka :

-Ekri saw santi yo (sa ap ede w òganize pansew epi soulaje sa ki twò lou nan tèt ou)

- Pale ak yon moun kew konfyans (zanmi, fanmi)

- Chèche èd yon pwofesyonèl nan domèn nan (li gen kapasite pou li evalye sitiyasyon lan e baw plis resous pou edew)

- Ralanti sou pwojè w yo pouw avanse etap pa etap (sa ap pèmèt kew pa bay tèt ou twòp presyon)

- aktivite ki fèw santiw byen ( espò, tande misik, danse, li,pentire, jwe ect..)

- Jere fason w manje ak jan ou dòmi

- Rete konekte ak moun ki ka pote èd pou ou an ijans siw ta panse pou tèt ou mal

Pale de sante mantal gason pa ta dwe you sijè ke nap evoke yon lè konsa. konsekans yo t grav pou nou pran sa alale. Menm jan nap lite pou byenèt ak dwa fanm ak tifi fòk nou pa bliye pale e sansibilize sou sante mantal pa yo tou. Menm jan yo reprezante fòs ak kouraj ak sekirite, se menm jan tou nou menm ki nan sosyete a, fòk nou la pou yo nan moman feblès yo.

Boutofen, Yon gason pa lman yon individi. Men se yon frè. Yon mari. Yon kouzen. Yon papa. Yon bò . Yon mennaj ki malgre sa li reprezante  beswen èd sosyete a nan moman ki difisil pou li a. Koute l, soutni l epi pa jije l se pi bon fason pou evite sitiyasyon mantal li agrave paske Pwoteje sante mantal gason se pwoteje lavi.

 

 

Favoris
like0
Commentaires
Comment0
Commentaires
CommentPas de commentaire pour l’instant.
Récits choisis pour vous